Apple

Logo konpayi Apple

Apple se yon konpayi miltinasyonal amerikèn ki fè konsepsyon epi ki vann pwodui elektwonik, òdinatè pèsonèl ak lojisyèl enfòmatik. Nan pwodui konpayi sa vann moun plis konnen, ou ka jwenn òdinatè Macintosh, iPod, iPhone, iPad, mont Apple Watch, lojisyèl miltimedya iTunes, lojisyèl biwotik iWork, ak kèk lojisyèl espesyal pou pwofesyonèl tankou Final Cut Pro ak Logic Pro. Nan lane 2017, konpayi anplwaye 116 000 moun, li enstale 499 boutik (Apple Stores) nan 22 peyi, epi yon boutik anliy kote li vann aparèy ak lojisyèl Apple yo, ak kèk lòt lojisyèl tou. Pou lane 2017 la, benefis konpayi a te rive 45,2 milya dola.



© MMXXIII Rich X Search. We shall prevail. All rights reserved. Rich X Search