Etazini

Etazini, ki gen pou non ofisyèl Etazini nan Amerik, se yon peyi ki sitiye nan Àmerik ki sou zòn nò. Se yon repiblik federal baze sou konstitisyon e ki gen yon rejim prezidansyèl. Se yon ansyen koloni peyi Angletè.

Etazini se yon peyi ki divize an 50 mòso ke yo rele Eta. 48 nan 50 mòso ki fè Lèsetazini yo kole youn ak lòt, ant Oseyan Atlantik kote solèy leve e Oseyan Pasifik kote solèy kouche, epi nan Nò li gen fwontyè ak Kanada e nan Sid fwontyè ak Meksik. De dènye Eta yo se Alaska ki sitiye nan nòdwès Kanada e Awayi, yon ti zil ki nan mitan Oseyan Pasifik.

Anplis, yo gen 14 lòt zile ki pa ofisyèl tribò-babò nan lanmè Karayib (Pòtoriko ak Il Vyèj) e nan Oseyan Pasifik (Gwanm, zil Mariàn ak Samoa Ameriken). Pami yo Lanavaz ke yo fè dapiyanp nan men Ayiti.

Etazini gen pou Kapital Wachintòn ki nan distrik Kolonbya, yon distrik ki pa fè pati 50 Eta yo.

Se te youn nan premyè peyi yo nan kontinan Amerik la ki te deklare endepandans li nan lane 1776.


© MMXXIII Rich X Search. We shall prevail. All rights reserved. Rich X Search